Peyizan nan plèn Womaribawou ap mande Ministè agrikilti ak biwo agrikòl Wanament lan pou peye yo tchotcho ke yo dwe yo.

1,011

08-10-2023

Wanament, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan kad yon rankont Manb Asosyasyon Irigasyon Womaribawou (AIHM) òganize nan Palan Dilè, jedi 10 dawout 2023 a, peyizan sila yo frape pye atè pou mande ministè agrikilti peye yo plis pase twa mwa travay yo prese, prese.

Daprè yonn nan responsab asosyasyon an, mesye Jn Claude Jean Baptiste, alyas Tije, yo genyen plis pase 3 mwa depi ministè a fè yo travay jiska prezan yo pa ka touche. Li ale pi lwen pou’l fè konnen si Bank lan ak Ministè Agrikilti nan nivo depatman Nòdès la pa degaje yo peye yo pou fòs kouraj yo, yap pase nan faz B a jiskaske yo touche 3 mwa travay yo.

Deblosaj sila yo rive, nan kad apèzman sosyal Ministè Agrikilti a an kolaborasyon avèk Biwo Agrikòl Kominal Wannament lan te mete sou pye nan rejyon Nòdès peyi Dayiti.

Comments are closed.