4.97 milyon, se kantite ayisyen kap mouri anba grangou nan peyi Dayiti.

773

03 – 30 – 3024
Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan Yon nòt òganizasyon entènasyonal “FAO” mete deyò jounen jedi 28 mas 2024 la, deklare, li genyen gwo kè kase, fas 4.97 milyon ayisyen ki pa gen aksè menm ak yon plat manje pou yon jounen.nan peyi Dayiti.

Òganizasyon entènasyonal FAO, fè konnen, lap kontinye siveye pi prè endikatè yo ki touwouj, yon fason pou l kapab pote soutyen ni pou pèmèt kondisyon pèp ayisyen an amelyore atravè yon Pwogram relans agrikòl, daprè sa Radio Métronome ekri sou paj li.

FAO mete nòt sa a deyò, nan yon moman kote pèp ayisyen an pran lanm, nan okazyon peryòd Fèt paskal la, yon peryòd ki te toujou make ak manje agogo.

Comments are closed.