Mouvman Fanm Grandans (MOFEDGA) pou yon otonomizasyon

1,076

03-08-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Mouvman Fanm yo nan Grandans (MOFEDGA) ke madam Roselord AUBOURT ap kòdone, pou pèmèt medam yo kreye pwòp biznis pa yo atravè sipò (ONU/Fam) ministè kondisyon fanm ak dwa fanm nan Grandans, oganizasyon arive mete sou pye plizyè seyans fòmasyon pou plizyè dizèn fanm.

Nan kad seyans fòmasyon yo, medam yo kite soti nan plizyè komin nan depatman Grandans lan, aprann fè, pwodwi tankou, likid, savon, klorox, parfum, likè ak fri yo, ki se kakao, zoranj, kremas e latrye.

Fanm sètifye yo, non sèlman jwenn yon sètifika, men tou yon ti moyen lajan pou pèmèt yo al pwodwi nan atelye yo, fòme lòt jènn ki vle aprann yon konpetans abilite ki kapab ede yo suviv nan nan peryòd kaliko a.

Comments are closed.