Bisantnè te an cowboy: gwo kontre kòn ant ajan PNH ak avèk gwoup gang, yon blende PNH bwile

260
0
Share:
TRiboLAND

02/11/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Bisantnè te an cowboy jounen jedi 11 fevriye 2021 kote ke ajan PNH ki t’ap fè mannèv pou drese gwo separatè nan antre yon twonson wout nan rejyon a, te genyen gwo katchouboumbe ki arive kreye gwo tansyon san parèy nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

Tansyon yo pat piti! Anpil gwo zàm manch long t’ap chante pou yon bon bout tan aprè ke bandi sangwen yo te atake plizyè polisye ki te oblije finalman leve kouri kit e yon blende ke group gang yo apwè te ensandye. Ajan PNH yo ki toujou gen fòs sou bannan mi, te oblije leve kouri e al pran souf nan sou-komisarya Pòtay Lewogann nan.

Antouka, pou anpil moun t’a sanble se rat kay kap manje kay pay!

Share:

Leave a reply