Yon gro tonton chèf gang jwen bouchon li nan vil Gonaiv

907

01-16-2023

Gonaiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Youn pami gro chèf ki tap opera nan zònn “Twou Sab”, nan komin Gonaiv nan Latibonit, jwen ak zo grann li nan moman fòs UDMO ak BRI tap Mennen yon operasyon nan lanwit 13 pou rive 14 janvye 2023 nan yon banlye nan site Endepandans lan.

Marckenson Tilus alyas “Kenkenn” arive mouri yè dimanch lan nan lopital “La Providence des Gonaives” aprè ke li tap boukante kout zam ak lapopo. Viktim nan ki se 3èm gro chèf group gang “Twou Sab” la, te arive blese e chape poul li ansanm ak 6 lòt bandi reselè.

Kenkenn ki tap fè bwàs pou jwen lasenyaj, te oblije al refijye lopital Lestè. Li te jwen arestasyon li e transfere nan lopital “La Providence” nan vil Gonaiv pou plis grese sere medikal.

Comments are closed.