Yon ti prèlyèm resi soti sou pri petròl la: diesel 174 goud e gazolin 201 goud

328

10\06\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Selon yon sous gouvènmantal, plisyè antite konsène arive fè plizyè rale mennen vini sou kesyon petròl la sou mache a. Konsa, ta sanble gouvènman an finalman asèpte retire yon kokàd sou pri prodwi petrolye yo anndan peyi a, yon enfòmasyon ke prezidan repiblik la ta pràl konfime nan yon tweet jodi madi 6 oktòb la.

Ki donk, selon anpil analis, se akoz kout zèl goud la ap bay dola a ki fè gouvènman an oblije fè yon je chèch pou retire yon prèlyèm sou pri gaz la sou mache a. Konsa, pri kerozèn nan pat gen pou ni moute ni desann; alòske diesel la ki te nan 179 goud gen pou desann a 174 goud; e gazolin nan ki te nan 224 goud ap glise desann nan 201 goud Lescot.

Se pra’l yon moman istorik pou responsab yo arive menm retire yon kokàd sou pri gaz la nan peyi Dayiti; yon bagay ki pa jamè fèt menm nan dòmi. Konsa, Jovenel Moise deklare egalman ke gouvènman an ap fè bwàs pou aplike latèt opye Lwa 6 mas 1995 la.

Comments are closed.