“Plaj Charly” ki se yon espas rekreyatif pou jèn yo nan Bono, riske disparèt.

175
0
Share:
TRiboLAND

01-15-2023

Bono, Ayiti___(TRiboLAND) Charly Beach se you nan pi gwo plaj ki egziste nan 5èm seksyon Bòno nan lokalite Kapwouj nan Nòdwès peyi a.

Gwo vag lanmè kap souke nan dènye jou sa yo detwi yon bon pati nan Charly Beach, yon espas ki inik e ki fè distraksyon ak plezi majorite jèn yo bezwen defoule yo. Nan dènye jou sa yo Plaj Charly, pa sispann pran anpil pataswèl anba kolè vag lanmè ki menase detwi yon parèy espas ki jounen jodia ap defigire. Malgre tout pwoblèm sa yo jèn yo pa neglije vin pran ti detant yo sou plaj la ki trè limite e ki se sèl plaj ki toujou ap batay ak yon deteryorasyon anvironmantal ki trè agresif.

Nap raple, plizyè plaj pa sispann andomaje anba kolè lanmè nan Senlwidinò, Bono, Meyans e Ansafolè. Popilasyon nan rejyon sa yo pa sispann redi depi konbyen ane zòrey otorite yo sou avansman lanmè sou zòn kotyè sa yo kap deteryore.

Pierrilien Nicol Colly

Share:

Leave a reply