Basen Ble: Yon gwo espwa pou sekirite tabli, anviwon 16 blennde rive devan komisarya a

11/17/2026
Basen Ble, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan komin Basen Ble, depatman Nòdwès, yon nouvo lespwa kòmanse pran nesans bò kote popilasyon an fas ak pwoblèm ensekirite a. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, aprè plizyè ane kote otorite polisyè yo te gen difikilte pou rive nan zòn nan, yon patwouy ki te gen anviwon 16 machin blende rive devan komisarya Basen Ble, aprè li te soti nan direksyon Gwomòn. Arive fòs lòd sa yo reprezante yon siy ankourajan pou sitwayen yo, ki depi lontan ap tann yon prezans sekirite ki pi solid nan komin nan.
Selon menm sous yo, deplwaman sa a fèt nan kad operasyon konjwen Polis Nasyonal Dayiti (PNH) ak FRG t ap mennen nan zòn Ti Bwadòm. Pandan operasyon an, fòs lòd yo ta rive dejwe divès pyèj gang ame yo te prepare sou wout la, anplis yo te kraze pòs peyaj ilegal ki te sou aks la. Entèvansyon sa a parèt kòm yon avansman enpòtan nan efò pou reprann kontwòl espas ki te vin anba enfliyans gwoup ame yo pandan plizyè ane. Prezans fòs salvadoryèn yo sou tèritwa nasyonal la vin ranfòse espwa anpil moun genyen pou operasyon sekirite yo bay rezilta konkrè.
Bò kote pa yo, plizyè sitwayen nan depatman Nòdwès la eksprime espwa pou otorite konsène yo voye machin blende nan depatman an paske li pa nòmal se nan kad patwouy pou yo rive, yon fason pou pèmèt fòs lòd yo entèvni avèk plis kapasite, mwayen ak konfyans devan menas gang ame yo. Pou anpil obsèvatè, retou yon prezans sekirite efikas nan Basen Ble kapab reprezante yon etap enpòtan nan direksyon estabilite, libète sikilasyon ak rekiperasyon lavi ekonomik ak sosyal nan komin lan ki se pòt antre depatman Nòdwès la.






