Gonayiv/manifestasyon : Pati Politik AAA manifeste kont ensekirite.

3,431

06-07-2022

Gonaiv, Ayiti____(TRiboLAND) Lidè pati Politik Ayiti An Aksyon an, mete pèp la nan lari nan vil Gonayiv kont fenomèn ensekirite ak lavi chè a.
Kòm sa te deja anonse! Nan prezans divès militan tankou: ansyen depite Arnel Belizaire, ansyen majistra Neil Lartortue, Mèt Jean Lubin Paul, Asalos ak ansyen depite Arodon Bien-Aimé, yon gwo kokenn chenn manifestasyon ta pral dewoule sou lobedyans lidè Pati Politik Ayiti An Aksyon an,Youry Latortue, jounen Madi 7 jwen 2020 a.

Yon manifestasyon kite tanmen nan zòn Raboto, pase site endepandans pou al bout sou la Plas.
Manifestan yo te charye divès revandikasyon tankou : aba ensekirite, lavi chè, grangou, aba kidnapping, kriz gaz san konte divès lòt saltenbank otorite yo lage peyi a.

Nap soulinye pou ou, kolè manifestan yo, mete sou divès eslogan piman bouk ta pral paralize aktivite lekòl la nan vil Gonayiv.

Comments are closed.