Ratman gaz: Chofè taksi yo kreye gro tansyon nan vil Gonaiv maten an

344

12/30/20

Gonaiv_____(TRiboLAND) Tankou jan sa toujou fèt chak fen dane, peyi Dati toujou fè fas ak ratman gaz ki pafwa inesplikab nan je popilasyon an. Pou anpil moun se moman gro komèsan gaz yo ap pwofite chèche deplimen popilasyon an ki deja nan ekstrèm povwete.

Jodi mèkredi 30 desanm 2020 an, yon krèy chofè taksi nan vil Gonaiv kreye gro tansyon e menm arive paralize wout nasyonal numewo 1 an nan blòk Pon Goden.

Yon parèy aksyon gen pou wè avèk dispozitif yon seri ponpis pran pou vann gaz la pa konngout nan galon ak lòt moun alòske yo pa soti pou vann chofè yo. Konsa, chofè yo deside pwoteste kon yon parèy konpòtman ke yo konsidere mafya.

Yo lonje dwàt jouda sou ponpis yo kap pwofite fè mache nwa pou souse san moun nan fè kwoutày ak benefis bab e moustach.

Comments are closed.