Otorite yo deside fouke tout tèt pa dwàt ki pwan yon malen plezi ap vann ou achte gaz nan nan nenpòt kondisyon

1,143

08/12/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon nòt ke Komisè Gouvènman a.i. a pwè tribinal pwemyè enstans Pòtopwens lan, Mèt Bed-Ford Claude an annatandan an mete deyò jodi jedi 2 out 2021 an, ki entèdi achte ak vann pwodwi petwolye nan galon ou nan nenpòt lòt veso.

Leta kreyòl la pran dispozitif sa selon nòt la se pou sekirite nan pwoteje lavi ak byen moun. Nan sans sa, ajan lòd yo jwen enstriksyon pou fouke tout sa yo ki ta vle kanpe ankwà devan yon parèy dispozitif selon jan lalwà pwevwà li nan dekrè 20 desanm 1946 la ak dekrè 20 novanm 2020 ki entèdi moun vann pwodwi petwolye sou plas piblik.

Antouka, kritik yo espere se pa bwi sapat leta koupyon an ap fè; sitou se toujou nan levanjil pale mete la ke yo kwè, yon pwatik ke anpil moun nan popilasyon kalifye jwèt bebe lala; sitou lè genyen gwo pwopwiyetè ponp revandè entouchab yo ki genyen bwà dèye bannan yo.

Comments are closed.