MENFP inogire 2 etablisman eskolè nan komin Petyonvil.

1,098

2 etablisman eskolè flanban nèf inogire nan komin Petyonvil jounen lendi 9 janvye 2023 a

01-09-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Premye Minis peyi Dayiti a, Ariel Henry nan tèt kole ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl e Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) inogire twazyèm etablisman Ansèyman segondè piblik nan komin Petyonvil. Nouvo batiman sa pote non “Lycée Technique Professionel Joseph Charles Bernard de Frère”.

Seremoni inogiral sa òganize jounen lendi 9 janvye 2023 a, an prezans PM Ariel Henry, Minis Edikasyon an, Nesmy Manigat, Direktè jeneral Fon Nasyonal Edikasyon an, Jean Ronald Joseph ak plizyè lòt kad nan milye edikatif la. Nouvo batiman eskolè piblik sa, konstwi an beton sou yon total 4698,89m2.

Lise sa genyen yon total 12 sal, 9 sal pou dispanse kou,1 sal enfòmatik ki ekipe ak 30 òdinatè konekte ak entènèt, 1 sal pou zafè administrativ.

Nouvo strikti sa, gen kapasite pou akeyi 400 a 500 elèv epi li genyen egalman aksesibilite pou moun andikape. Pwojè sa reyalize sou yon peryòd 19 mwa ki koute leta ayisyen yon total 125 657 630,36 goud. Anplis, genyen andedan espas sila, yon lekòl fondamantal, yon sant pou timoun ak yon biwo distri eskolè.

Yon lòt bò, menm ekip gouvènman sila, arive inogire egalman yon sant pwofesyonèl nan katye Meyòt, komin Petyonvil ki pote non ” École Professionnelle et Technique Odette Roy Fombrun de Meyotte”.

Comments are closed.