Miragwànn: 6 travayè mouri plat nan yon eboulman tè

0 371

Kalbasye/Migwànn__(TRiboLAND)  Gwo dram nan depatman Nip lan jodi Madi 24 Desanm 2019 la, yon efondreman minn sab ki arive touye 6 moun nan lokalite Kalbasye, ki localize nan 1è seksyon kominn Miragwànn, dapwè yon sous jidisyè.

Selon menm sous la, travayè yo ki tap eseye bwase pouf è yon ti tchotcho jodi Madi 24 Desanm nan te nan pwoses pou plen yon kamyon sab lòske temwen yo tande son eboulman yon gwòt ke yo abitye eksplwate anglouti divès travayè ki tap travay anba l. Konsa, selon sous jidisyè apwè konsta legal nan fen apwemidi, yo anrejistre sis moun ki ta mouri.

Nap raple nou, yon parèy dram konsa arive fèt nan yon kontèks Nwèl kote ke lamizè pa sispann fè moun esplikasyon nan depatman Nip lan.

Leave A Reply