Lèkti ak konsèy Agr Rethone Jose II, sou sitiyasyon vil Pòdpè nan dènye jou sa yo.

1,394

Agr Rethone Jose II, yonn nan ra teknisyen nan zafè risk ak dezas, bay kèk konsèy ak abitan yo nan depatman Nòdwès la.

06-02-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Se youn nan ra fwa vil Pòdpè ap viv yon seri epizòd inondasyon prèske chak aprè midi, 3 gwo lapli youn dèyè lot, yon sitiyasyon ki trè konplèks, e li difisil pou pwosede ak yon vrè evalyasyon dega yo preske chak jou.

Devan sitiyasyon sa a, moun nan zòn risk yo dwe trè vijilan. Nou konprann difikilte yo, yo netwaye kay yo nan maten pita, dlo a pase monte pirèd.

Nan sans saa.
-Yo dwe sekirize tout pyès yo ak dokima yo; chèche lakay yon bon samariten pou yo abrite yo.
-Yo pa dwe fouye pye yo nan dlo kap desann, li te mèt dlo nan la ri, evite voye ti moun al chèche kichòy, pa kite yo al benyen nan lapli.
-Yo dwe toujou pran prekosyon ak dlo yap bwè, bagay yap sèvi paske se moman pou jèm kolera pwopaje.

Sonje premye solisyon an se resous kominotè yo kap bay li. Pa mete twòp konfyans sou Leta lokal paske yo pa gen okenn mwayen nan men yo, Leta santral jeneralman konfiske ti kal resous ki genyen yo poul fè grandizè.

Comments are closed.