Premye aparisyon gro chèf gang 400 Mawozo “Zo” devan yon tribinal nan peyi Etazini

1,631

07-08-2022

Jean Pélice alias “Zo”, youn nan pi gro Gran Toryan manm 400 Mawozo fè premye aparisyon li devan yon jij ameriken nan yon tribinal Wachennton jedi 7 jiyè 2022.

“Zo” te jwen arestasyon li nan Repiblik Dominikèn anba lobedyans FBI 16 me 2022. Yo akize li dèske li te enplike nan kidnape yon latriye misyonè ameriken nan dat 16 oktòb 2021 nan Pòtoprens.

“Zo” pa inik gro chèf 400 Mawozo ki anba men gouvènman ameriken jounen jodi a; Germine Joly, alyas “Yonyon” ap vale prizon egalman nan peyi Etazini pou menm dosye kidnapping ki te fèt sou misyonè yo, kote ke group gang sangwen an te egzije yon ranson 17 milyon dola pou te libere misyonè yo.

Konsa, si yo jwen yo koupab, chèf gang sangwen yo riske pase tout rès vi yo nan prizon.

Comments are closed.