Nòdwès : 3 endividi malfwa vyole yon ti adolesan 13 lane nan komin Senlwidinò.

1,067

08-11-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Achton Junior Dirosier se non yon endividi lapolis nasyonal nan komin Senlwidinò mete anba kòd kòm moun ki ta otè vyolasyon ki fèt sou yon jèn ti fiyèt 13 lane nan lokalite a.

Prezime Achton junior Dirosier alyas Tit, te akanpanye 2 lòt akolit li pandan l ta pral fè jwèt sisinay sou ti fiyèt inosan an yè madi 9 dawout 2022 a. Pou koulye a Junior ap reflechi nan gadavi komisarya Senlwidinò pou swit jidisyè.

Pierrilien Nicol Colly



Comments are closed.