Kazèk 3èm seksyon Senlwidinò, Saintilus Saintilmé distribiye papye otorize pou sèvis mache ak simityè

1,069

12-30-2022

Senlwidinò Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon rankont ak responsab simetyè ak mache Dèmòn nan Senlwidinò, kazèk Saintilus Saintilmé distribiye papye otorize pou sèvis abatwa, lesepase, inimasyon ak otorizasyon pou vodouyizan yo bay responsab yo pou anpeche dezòd administratif ak bèt peyizan yo ak itilizasyon simityè a.

Yon seri endividi pran yon malen plezi, vòlè zannimo peyizan yo; vin touye sou mache a san papye ki se yon pwatik ki egziste depi yon bon bout tan nan seksyon an.

Responsab simetyè a, li fè konnen li pral travay pou frennen yon seri move pratik kap devlope depi lontan nan “chan repo nanm” yo, ki ta dwe yon espas sakre e pèzib. Pou Wilfrid Michel menm, li pral mete mache piblik la sou bon jan kontwòl, yon fason pou rezoud pwoblèm vann bèt san papye a ki fin apovri popilasyon an.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.