Peyizan kap viv nan wo 3èm seksyon Dègranj pa sispann plenyen pou lavi chè a kap ogmante chak jou ki jou.

1,107

12-31-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Peyizan kap viv nan wo 3èm seksyon Dègranj pa sispann plenyen pou lavi chè kap bay popilasyon an sakad nan dènye jou say o.

Nan dènye tan sa yo: yon goblè diri ap vann 100 goud, yon goblè pwa 250 goud, yon goblè farin 100 goud, yon sachè espageti 150 goud, yon kè lwil 125 goud, pou lòt pwodwi yo se tèt chaje ak men nan machwè.

Yon sitiyasyon ki lakòz popilasyon an tonbe nan mandisite pou yo viv. Konsa, yap mande Leta ayisyen pou pran tout mezi dispozitif pou lavi retounen nan peyi a.

Si pa gen yon mezi ki pran pou soulaje sò pèp la kap viv nan seksyon kominal yo, nan jou kap vini la yo, anpil moun sispèk ke lafen pral kòmanse touye moun pa pakèt ak latriye.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.