Gouvènman Alix Didier Fils Aimé a inogire nan Vivy Michel yon premye rezidans pou fanm ak tifi ki sibi vyolans.

05 – 23 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Gouvènman ayisyen an, nan yon seremoni, inogire yon rezidans nan Vivy Michel jounen vandredi 22 me a, yon mezon dakèy pou fanm ak tifi ki viktim vyolans fanm.
Seremoni “koupe riban” an, te dewoule an prezans premye minis Alix Didier Fils Aime, minis kondisyon feminin ak dwa fanm nan, madam Pédica Saint Jean, reprezantan l’ONU Femmes, ak patnè entènasyonal yo san konte kò diplomatik la.
Selon responsab yo, pwojè ki akse pou amelyore siyasyon vyolans k’ap sakaje fanm yo nan peyi a, vize genyen anndan li : 4 estwikti, k’ap erije nan depatman lwès, Grandans, Sant ak Latibonit. Chak konstwiksyon ap genyen 8 dòtwa, yon espas dakèy, yon enfimri, yon kafeterya ak yon zòn soutyen sikososyal fanm ak tifi ki viktim anba vyolans.
Nan okazyon an, minis Pédica Saint Jean, ki te pran lapawòl, nan diskou li nan sikonstans lan, li souliye yo pral ofri yon akonpayman konfidansyèl e adapte ak sivivan yo nan lide pou fasilite rekonstwiksyon ak reyinsèsyon.






