SOS, SOS : Bandi achte wout Obòy la lajan kontan.

03/02/2026
Obòy, Ayiti______(TRiboLAND) Se chak jou bondye mete bandi yo ranje kò yo anba “Mòn 15” pou yo fouye chofè moto yo ak tout pasaje yo . Yon sitiyasyon ki kreye anpil pwoblèm pou moun kap viv nan depatman Nòdwès peyia.
Nan tan pase yo, sou ansyen Direksyon polis depatmantal la, te toujou genyen yon bakòp lapolis ki te kontinyèlman asire sekirite vwayajè yo. Konsa, pwogrè bandi sangwen yo te trè limite. Jounen jodia, manman pitit mare senti’w! San manman yo lage kòd e yo ap fè lapli ak bon tan sou moun kap frekante wout la.
Nap raple, nan dènye jou sila yo, bandi tire anpil sou machinn kap fè trafik sou wout la; e yo menm pran moto siklèt pou pouswiv veyikil sila yo. Konsa, anpil moun rete kwè, si yo rive nan yon parèy nivo, san siveyans, san eliminasyon bò kote lapolis, se paske yap fè travay sal pou yon polis ki demisyone.
Popilasyon an ki pa janm sispann viktim ap mande direktè depatmantal polis Nòdwès ak Nò pou pran responsabilite yo, pou wout Obòy la pa tounen yon veritab va menm jan ak Tibwadòm.






