Fondasyon TRiboLAND ak Forum des Syndicats Travailleurs des Transporteurs du Nord-Ouest mete tèt ansanm pou yon fòmasyon gratis nan agrochimi

10/11/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan kad yon patenarya ant TRiboLAND Media Network ak Forum des Syndicats Travailleurs des Transporteurs du Nord-Ouest, yon fòmasyon gratis nan agrochimi òganize ayè vandredi 9 oktòb 2026 la, nan lokal Biwo Sendika Nòdwès la, nan ri Dumarsais Estimé, Pòdpè. Aktivite sa a te reyini 42 patisipan, ki te vin pran konesans sou teknik fabrikasyon divès pwodwi ki ka sèvi nan antreprenarya ak devlopman ti biznis lokal yo.
Pandan fòmasyon an, patisipan yo te gen opòtinite pou yo dekouvri plizyè modil, tankou fabrikasyon jèl pou cheve, savon bote, savon likid, pafen esprey, pafen lwil ak diven. Inisyativ sa a te vize bay patisipan yo konesans pratik ki kapab ede yo devlope nouvo konpetans, kreye aktivite ki rapòte revni epi eksplore posiblite pou yo mete pwòp antrepriz yo sou pye.
Atravè patenarya sa a, Fondasyon TRiboLAND ki gen nan tèt li Louis Louissaint ak Forum des Syndicats Travailleurs des Transporteurs du Nord-Ouest montre enpòtans fòmasyon pwofesyonèl nan ranfòsman kapasite sitwayen yo.
Aktivite a, ki te fèt san patisipan yo pa peye, reprezante yon opòtinite pou ankouraje otoanplwa, antreprenarya ak otonomi ekonomik nan depatman Nòdwès la.






