Divès prizonye jwenn liberasyon yo apre vizit kòdonatè PLANSPA a nan prizon sivil Pòdpè a

2,265

04/12/2022

Pòdpè_______(TRiboLAND) Divès prizonye kite plase an detansyon prevantiv prolonje nan prizon sivil Pòdpè a, rive jwenn liberasyon yo aprè vizit kòdonatè depatmantal pati Politik PLANSPA a, Mèt Erané Saint-Louis, nan jiridiksyon Pòdpè a nan dat kite 19 Mas 2022 a.

Me. Erané Saint-Louis ki te santi l vekse e endinye pou fason prizonye yo ap viv nan prizon sila, te rapidman pran baton pèleren l epi rankontre komisè gouvènman an, Mèt Michelet Virgile yon mannyè pou l te kapab diskite epi panche sou ka prizonye yo.

Nan moman tèt a tèt la, direktè depatmantal PLANSPA branch Nòdwès la, te mete divès pwen sou tab la, pami yo: eta prizonye yo, sa ki pa gen sèlman frè òd liberasyon epi kap kontinye pouri nan prizon, sityasyon batiman ki loje prizonye yo, poun site sa yo sèlman.

Li enpòtan pou konnen, fenomèn detansyon prevantiv prolonje a, pa egziste nan famiy dwa romano jèmanik lan, se sèlman Ayiti yo itilize li pou bafwe dwa moun epi fè gwo magogo lajan sou tèt malere ak malerèz. Sepandan, pou anpil jiris ak avoka, vokabilè jiridik la rekonèt sèlman tèm “detansyon prevantiv”.

Yon rankont ki ta pral konvenk komisè gouvènman an, e ki ta pral akouche yon latriye asiz kriminèl san asistans jiri epi libere divès prizonye kite merite libere.

Kòdonatè depatmantal la promèt popilasyon Nòdwès la yon kontinyite nan yon parèy travay ki pa antann kanpe; objektif la se rive asiste vèv yo, òfelen yo ak prizonye.

Comments are closed.