Ansyen depite e majistra komin Tigwav Jean Samson Limongy, denonse grangou li di ki komanse touye moun andan peyi a espesyalman Tigwav.

1,353

12-14-2022

Tigwav,Ayiti ___(TRiboLAND) Ansyen depite, majistra prensipal komin Tigwav la, Jean Samson Limongy nan entèvyou ak laprès jounen mèkredi 14 desanm 2022 a, nan pakè jiridiksyon an, denonse ak tout fòs li, grangou li di ki komanse ap touye moun nan popilasyon ayisyèn nan espesyalman nan Tigwav.

Eks majistra prensipal komin Tigwav la Jean Samson Limongy ki di nan enkèt li mennen, genyen moun ki domi yo pa gen chans leve akòz grangou ki pote yo ale. Ansyen eli a, esplike li nan 60 èn li, se pou premye fwa li konstate yon parèy grangou kap fini ak sitwayèn e sitwayen yo.

Lidè politik la ki fè konnen, manman ak papa pitit pa kapab mete men nan bouch, jenès la fin pati kite peyi a nan movèz kondisyon pou yo al boske lavi miyò nan lòt peyi etranje. Souvan yo pran anpil imilyasyon, ensekirite, kidnapping,,pa genyen aksè ak swen sante ak blackout elatriye..

Ansyen majistra komin nan deklare, nan sa nou ye la a, se rezilta movèz gouvènans ansyen otorite ki pase deja yo ak nouvo dirijan PHTK yo pandan 10 dènye ane yo.

Nan sans sa a, Jean Limongy,mande vrè jenès la,ki pa lage tèt yo  nan debòch, pou yo leve kanpe yon fason pou bay yon repons ak dirijan PHTK yo ki moute yon konplo ak entènasyonal la pou ekstèmine tout pèp ayisyen an.

Nap raple, Jean Samson Limongy se ansyen eli pou pòs majistra pou komin Tigwav nan dènye eleksyon yo anba baryè Plafòm politik (FNCD) nan lane 2016, yo kite nan reyalize dat 8 Jen 2020.

JOICY Arnold

Comments are closed.