Direktris inite kominal sante nan, òganize yon seyans fòmasyon epi distribiye kit ijyenik ak  bay divès ajan sante nan seksyon riral yo.

1,259

12-28-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktris Inite Kominal Rejyon Gwavyèn nan, Doktè Chaduc Valerie òganize yon seyans fòmasyon epi distribiye kit ijyenik ak (medikaman) bay divès ajan sante ki soti nan plizyè seksyon riral, jounen mèkredi 28 desanm 2022 a. 

Doktè Chaduc Valerie ki tap entèveni nan okazyon an, montre ajan sante yo nesesite ki genyen pou sensibilize peyizan yo,pou yo pa viktim anba epidemi kolera a.

Direktris inite kominal sante rejyon gwavyèn nan, konseye ajan sante yo pou yo ankouraje abitan yo pou respekte jès baryè yo, tankou : lave men yo chak fwa yo soti fè yon bezwen, lave tout sa yap mete nan bouch yo, trete tout dlo yap bwè elatriye…

Tigwav_Formation sou Kolera avek Dr. Valeri Chaduc.

Nan fen seyans fòmasyon an, Doktè Chaduc Valerie te distribiye kit ijyenik ak (medikaman) bay divès ajan sante ki soti nan plizyè seksyon kominal yo, yon fason pou yo al sove lavi peyizan yo anba kolera.

Sou bò pa yo, ajan sante yo fè konnen yo satisfè aveki yon parèy fòmasyon, yo remèsye ministè sante piblik ak popilasyon ak patenè entènasyonal pou sipò yo; yon jès kap ede yo jere pi byen kolera a nan milye peyizan yo.

JOICY Arnold

Comments are closed.