Fondasyon TRiboLAND kontinye ap bay timoun, jèn tankou granmoun fòmasyon

1,250

05-28-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Jodi samdi 27 avril 2023, fondasyon TRiboLAND pèmèt anviwon plis pase 50 timoun benefisye fòmasyon sou desen, art floral ak kreyasyon sèvolan nan Lokal “Institution Mixte Chrétienne Charlet” ki trouve-l nan vil Pòdpè.

Timoun yo ki soti nan laj 8 pou rive 14 lane aprann fè art floral, kapa k desen. Yon jounen antyèman reyisi pliske timoun yo te nan yon veritab anbyans. 4 fòmatè eksperimante akonpaye ak yon jadinyè te reponn prezan pou akonpaye timoun yo, ki se avni peyi a. Fondasyon TRiboLAND dekrete pèmanans nan fòme jèn tout plim, tout plimay nan tout peyi a yon fason pou kouri dèyè delenkans jivenil, ak pèmèt yo viv ak matirite san yo pa peye yon goud Lesko.


Fondasyon TRiboLAND ap kontinye envesti nan moun, paske li konnen edikasyon se baz devlopman, e se moun ki pou fè devlopman. Ekip la remèsye tout paran ki te konfye TRiboLAND yo, yon fason pou yo te vin rann jounen fòmasyon sila reyisi. Yon aktivite ki reyisi sou kòdinasyon Me Romario Accilien, e ki tap sipèvize anba lobedyans Madam Lucienne.

Anpil paran bat bwavo, lakontantman pou Fondasyon TRiboLAND ki livre-l nan pataje konesans ak timoun tankou granmoun. Daprè divès paran, yon inisyativ parèy sipoze rete an pèmanans pou ede yo ak timoun, kap kòmanse aprann fè yon seri aktivite ki chita plis sou “métiers de mains”.

Ekip fòmasyon an “Art Plastik”, TRiboLAND

Comments are closed.