Fondasyon TRiboLAND debite ane 2024 la, sou fòmasyon afloral, dekorasyon ak desen pou ti moun yo nan vil Pòdpè.

975

01-04-2024


Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND di pa gen kanpe! Yo deside kòmanse ane 2024 la an gran panpan. Sòti 3 janvye pou rive 4 janvye 2024, Fondasyon TRiboLAND reyalize 2 jounen fòmasyon gratis ti cheri, nan legliz “L’ arche de l’alliance” ki twouvel nan Mòn Béthel, yon lokalite nan vil Pòdpè.

Aktivite yo te reyalize sou afloral, dekorasyon blad ak desen anba lobedyans yon pleyad fomatè ak fòmatris pandan 2 jounen. Pou te kouwònnen aktivite a, plis pase 120 ti moun ki te sòti nan tout direksyon nan lokalite Mòn Béthel te deja reponn prezan yon mannyè pou te vin taye bèl flè ak chematize bèl desen.

Ekip Fondasyon TRiboLAND lan, ki genyen nan tèt li Papa Loulou, reafime angajman yo pou sosyete ayisyèn nan, paske objektif yo se kanpe goumen kont delenkans jivenil, nan objektif pou degrengole fenomèn ensekirite a.

Comments are closed.