Tigwav Kolera : Yon jèn gason mouri sispèk ak dyare kolera epi 5 lòt enfekte.

718

08-25-2023

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon jèn gason mouri sispèk ak dyare kolera epi 5 lòt enfekte soti mèkredi 23 pou rive jounen vandredi 25 dawou 2023 a, nan lokalite Vèdye, 8èm seksyon Trou Kanari komin Tigwav, daprè kòdonatris kazèk kanton an, madam Iracide Desgranges.

Selon kazèk 8èm seksyon an, se move dlo peyizan ap bwè ki lakoz dyare genyen pye sou viktim yo nan divès abitasyon yo. Administratè seksyon an, presize, se tranbleman detè 12 janvye 2023 pase a, ki te devaste majorite kaptaj sous seksyon an te pwosede; mete sou sa siklònn Mathieu te fin kraze rès kaptaj yo.

Nan sans sa a, alatèt seksyon an, madam Iracide Desgranges mande pou voye teknisyen DINEPA yo ki nan nivo komin Tigwav, vini fè yon tès nan ti rès sous dlo yo, yon fason pou rive detèmine mikwòb sila a kap Mennen lakwa devan pòt peyizan yo chak jou ki jou.

Comments are closed.