Operasyon Tranble Janm nan Kanaan: plizyè bandi tonbe

1,088

12-28-2022

Plizyè ajan an konplisite ak plizyè inite espesyalize efektye yon operasyon tranble janm nan Kanaan depi jedi 22 desanm 2022 a, daprè yon sous polisyè.

Selon ototorite yo, operasyon an, antre nan yon kad pou demantle yon rezo gang kap taye banda nan zòn nan e fasilite sikilasyon nan nivo wout nasyonal numewo 1 ke bandi tap kontrole. Fòs lòd yo blayi pandan plizyè jou e detèmine pou mete fen nan foye gang sa ki genyen gro zam lou e kap komèt zak baba sou popilasyon an nan antre Nò kapital la.

Selon enfo yo, plizyè bandi sangwen ta blese mòtèlman nan boukante kout zam ak lapolis. Plizyè tikay ki te sèvi kachèt pou bandi ta demoli.

Comments are closed.