Gwoup gang “Kraze Baryè”, Kidnape yonn nan jounalis vedèt Radyo vizyon 2000 yo nan komin Taba.

1,181

Marie-Lucie Bonhomme, kidnape nan lanwit 12 pou leve 13 jen 2023 a, se zak kriminèl gwoup gang Kraze Baryè, ki genyen nan tèt li Vitelhomme innocent.

06-13-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Gwoup gang kriminèl ke tout moun idantifye sou non “Kraze Baryè”, kidnape nan lannwit 12 pou leve 13 jen 2023 a, jounalis vedèt fanm Radyo Vizyon 2000 lan, madam Marie Lucie Bonhomme, lakay li nan Taba.

Kidnape epi kondwi nan baz Vitelhomme Innocent, jounalis vedèt Radyo Vizyon 2000 lan, pat pran anpil tan pou’l te jwenn liberasyon li san peye yon goud nasyonal.

Malgre jounalis Marie Lucie Bonhomme, pa peye yon goud nasyonal pandan’l te anba men bandi yo, sa pa anpeche gang kriminèl yo, piye epi pote ale majorite bagay ki te nan kay la.

Fouye pou chèche konnen, kòman eta sante jounalis la ye aprè zak malonèt sa a, enfòmasyon yo fè kwè, sante mantal madanm lan vrèman bazoudi pandan,li twouve’l nan yon lye sekirize nan moman sa.

Comments are closed.