Ariel Rankontre repwezantan Dyaspora a

3,021

01/24/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) PM Ariel Henry, atravè yon tweet ke li lage deyò jodi dimanch 23 janvye 2022 a konfime ke li rankontre repwezantan òganizasyon yo ki nan diaspora a nan kàd patisipasyon yo nan mete sou pye Konsèy Elektoral Pwovizwà a ak asanble nasyonal konstityant lan.

Chita tande yo avèk plizyè sèktè nan diaspora a te chita sou sitiyasyon jeneral peyi a, patisipasyon Dyaspora a nan fòmasyon Konsèy elektoral pwovizwà a ak asanble nasyonal konstityan an, yon travay ki ta sanble deja ap vale teren.

Comments are closed.