Peyizan kap viv 3èm seksyon Dègranj ap mande sekou kont vòlè ki achte seksyon an.

05-22-2023
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon 3èm seksyon Dègranj lan, komin Senlwidinò pa sispann mande otorite yo ede yo jwenn yon solisyon ak chevalye denwi yo ki pa vle kite yo gen yon kòd zannimo nan savann .
Selon ti peyizan yo, bandi malfwa volè poul, kabrit, bourik, bèf, kochon, ak viv alimantè nan jaden se pirèd. Yo konstate se mache piblik Rivyèba a k ap fonksyone depi 4è douvanjou maten ki lakoz eskanmòtè ap brote tout sa yo vòlè e kouri vann yo ak revandè avan’l fè jou.
Nan sans sa popilasyon an mande responsab yo: sòti nan Azèk rive nan prezidan ,bloke tout moun ki pran plezi pou fè mache lannwit nan komin nan.






