Yon asistan pwofesè nan Forid di 2 ti fiyèt pou yo “retounen lakay nou an Ayiti” pou tèt yo te chita pandan yon pwomès rityèl drapo Etazini an

0 379

Fort Myers/Florid__(TRiboLAND)  Job yon asistan pwofesè nan Florid sispann apwè ke li di 2 ti fiyèt pou yo “retounen an Ayiti” paske yo te chita pandan ke klas la tap pwonose pwomès rityèl drapo peyi Etazini ki konn fèt chak maten.

Ensidan sa fèt kèk ti tan apwè yon klas nan Lekòl Lexington Middle School nan Fort Myers te finn fè pwomès rityèl drapo (Pledge of allegiance) ki toujou fèt chak maten nan tout lekòl atravè peyi Etazini. Rezon ki jistifye ki sa ki te pouse 2 ti fiyèt yo chita nan moman pwomès drapo a, rete enkoni. Sepandan, asistan pwofesè a te fache seryezman kont 2 elèv sa yo ki pat kanpe.

Youn nan manman elèv yo trete asistan an kòm moun ki rasis, e konfime ke pitit fi li a pa menm ayisyen. Tandiske, lòt elèv la se desandan ayisyen; yon bagay ki pa genyen oken sans, dapwè youn nan paran yo. Responsab lekòl la ap mennen envèstigasyon, pandan ke yo mete asistan an an eta disponiblite.

Konsa, gen moun ki estime ke asistan ale twò lwen lòske li reyaji konsa kont ti moun yo; alòske lwa nan distrik la pwevwa ke ti moun kapab chita pandan moman rityèl sa yo.

Leave A Reply