Vil Tigwav bloke aprè ekip Ajantin nan fin chanpyon sou ekip Lafwans la nan tir penalite

1,017

12-18-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Vil Tigwav bloke aprè ekip Ajantin nan fin chanpyon sou ekip Lafwans lan nan tir penalite (4 a 2)  jounen dimanch 18 desanm 2022 a.nan faz final Koup Mondyal, Katar 2022 a.

Fanatik Ajantin yo pran lari, yap selebre viktwa ekip Maradona a. Nan yon anbyans rejwisans ak mayo blan e ble pal tout kalite, yo fè konnen ane 2022 a, fè yo 36 lane depi yo pa ranpòte konpetisyon sa a, ki se Koup Mondyal la.

Tifozi ekip Ajantin yo gentan pwoklame Lionel Messi kòm wà Football pou mond la. Fanatik yo ki di “sa majeste Messi” te deja fè tout sa pou l te fè nan jwèt mate boul la, li sèlman patko chanpyon nan nivo konpetisyon mondyàl la.

Antretan, TRiboLAND tap entèvyou kèk grenn fanatik ekip Lafwans lan, yo pat pran lari; sepandan, yo di ke yo pa regrèt ekip la ki soti 2èm, yo fè konnen Ajantin pa bat Lafwans, (se 3 a 3, li ye Tonton) selon FIFA fòk yo te oblije depataje yo.

Fanatik Lafrans yo felisite Mbappe ke yo estime ki respekte seri deklarasyon li fè kont Lamerik nan okazyon mondyal la pandan yo fè kwè Kylian Mbappé rache meyè bitè a anba men Lionel Messi.

Nap fè remake, pami tout ekip yo, Ajantin ak Brezil genyen plis fanatik nan peyi Dayiti, espesyalman nan komin Tigwav.

JOICY Arnold

Comments are closed.