22, se kantite mwa Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal dwe Kazèk yo atravè peyi a.

854

12-17-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kazèk adjwen 5èm seksyon kominal Tigwav la, Joseph Cofy, nan yon rankont ak laprès aprè midi samdi 17 desanm 2022 a, egzije Ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoyal yo degaje’l kon Mèt Jan Jak pou peye kazèk yo 22 mwa lajan travay yo ki rele yo chè mèt chè mètrès..

Kazèk asesè a, Joseph Cofy nan okazyon an, deklare Leta a trete yo an paran pòv aloske se yo mem ki genyen proksimite raproche ak peyizan yo; yo lage 2 bra balanse nan seksyon kominal yo. Selon eli 5èm lan, sitiyasyon sa a, lakòz yo pa kapab respekte promès kanpay yo te fè abitan yo e mete sou sa, yo pa janm peye sekretè biwo kazèk yo ni yo pa bay frè pou fè travay nan seksyon yo.

Kazèk adjwen an, Joseph Cofy ankouraje Ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoyal, ki ta sanble pa egziste sou tèritwa a, pou peye tout kazèk yo epi fasilite yo jwen 50.mil goud ki toujou disponib nan bidjè a pou Kazèk yo akonpaye peyizan ki pi vilnerab yo nan seksyon riral yo.

JOICY Arnold

Comments are closed.