Kiki Ramos rejwen seleksyon U17 ayisyèn nan ofisyèlman nan peyi Bresil.

11 – 09 – 2026
Brezil, Ayiti _____(TRiboLAND) Stephen Kiki Ramos rejwen seleksyon ayisyèn U17 la nan peyi Brezil jounen dimanch aprèmidi 08 novanm 2026 lan. Yon nouvèl ki lage anpil kè kontan lakay fanatik foutbòl nan peyi Dayiti ni bò kote seleksyonè Nasyonal U17 la ak tout ekip teknik lan ki nan faz preparasyon Koup Dimon 2026 la nan Mwayen Noryan an.
Li enpòtan pou nou fèw konnen Kiki Ramos t’ap jwe pou seleksyon U17 Nasyonal peyi Ajantinn lan; li ta make 17 gòl sou 25 match li jwe. Malgre enòmite talan Kiki, seleksyonè pa fè apèl avèk li pou konpetisyon mondyàl sila k’ap òganize nan peyi Kata soti 19 novanm pou rive 13 desanm 2026 pwochen.
N’ap raple Stephen Kiki Ramos, fèt nan peyi Dayiti; li te genyen sèlman nèf mwa lè yon koup ajantinn te adopte li swit ak tranblemandetè 2010 la nan peyi Dayiti.






