Sante : MSPP/ DSNO chita ak divès moun nan popilasyon an, sou program : Ann met men pou konbat filaryoz

2,647

lendi 23 me 2022

Pòdpè_______(TRiboLAND) Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) nan tèt kole ak Responsab DSNO (Direksyon Sanitè Nòdwès) yo, tankou Dr Tony Monestime, Dr Kerly, Mis Math, Mis Gaby pou-n site sa yo, chita ak divès moun, otorite, jounalis ak sitwàyen nan sosyete sivil la, nan lokal Rendez-vous lendi 23 me 2022 a.

Rankont lan te fètsou tèm : “Ann met men pou fini ak Filaryoz”. Selon responsab medikal yo, genyen apeprè 122 komin sou 144 ki nan nesesite tretman masif medikaman (TMM). 18 komin bezwen TMM pou arete transmisyon an. 3,5 milyon rete pou sansiblize pou bwè medikaman chak ane.

Pòdpè klase pami komin ki pi enfekte yo, e li se priyorite pami komin pou kanpay 2022 a. Genyen plizyè zòn ki gen gwo risk, tankou : Dèti Pòdpè, Nan Aman, Nan Dyerilon, Nan Palan, Sou Kanal e latriye.

Sou yon peryòd 10 jou, kap kòmanse mèkredi 25 me pou rive vandredi 3 jwen 2022, ekspè sante yo ap kòmanse ak distribisyon medikaman jan sa konn toujou fèt.

Comments are closed.