Anplwaye KEP nan peyi Dayiti ap fè kolònn: yo monte pwòp Sendika yo.

886

Travayè konsèy Elektoral Pwovizwa yo nan peyi Dayiti,mete kanpe yon Sendika ki pote non”SEMIEL”nan lide pou defann dwa anplwayè enstitisyon an.

12-15-2022

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon kominike ki sòti nan dat 12 desanm ki sot pase a, anplwaye ak anplwayè Konsèy Elektoral Pwovizwa a, fè konnen yo mete sou pye yon Sendika ki pote non “SEMIEL” kap gen pou defann dwa tout travayè enstitisyon an atravè 10 depatman jewografik peyi Dayiti.

Prezidan Sendika a, Lodson Beaubrun, bò kote pa li fè konnen, yo pral travay kou mèt Jan Jak pou wè nan ki mezi yo kapab fè Leta Ayisyen respekte dwa anplwayè ak anplwaye kap vyole depi dig dantan.

Pou yo menm, nouvèl enstitisyon sila rive kreye nan kad pou fè kolònn e li chita sou Atik 35.3 – 35.4-239 Konstitisyon amande a ki bay libète Sendikal ak divès Konvansyon pami yo: Konvansyon #98 sou dwa òganizasyon, negosyasyon kolektiv depi nan lane 1957.

Li enpòtan pou konnen, anplwaye ak anplwayè BED ak BEC atravè 10 depatman jewografik peyi a genyen plis pase 4 lane san touche yon goud nasyonal.

Comments are closed.