Konsèy Elektoral Pwovizwa a kòmanse ap anboche moun pou travay nan biwo depatmantal ak kominal yo

211

01/08/21

Petyonvil_____(TRiboLAND) Nan yon kominike Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) konteste a mete deyò jodi vandredi 8 janvye 2021 an, enfòme tout pati politik ak laprès ke enstitisyon elektoral la antame yon pwosesis anbochay pou pèsonèl BED ak BEK.

Konsa, tout moun ki enterese kapab soumèt kandidati yo nan Biwo Elektoral Depatmantal yo apati 7 jiska 13 janvye 2021, vè 8 è nan maten pou rive 5 è nan aprè midi.

Me ki sa candida yo ap bezwen kòm dokiman:

  1. Pou pòs BED, y’ap bezwen yon atestasyon ansèyman superyè e pou BEK, yon atestasyon etid klasik.
  2. Yon kopi kàt didantite nasyonal.
  3. 3 referans pou yon curriculum vitae.
  4. Yon sètifika rezidansyèl.
  5. Yon sètifika “bonne vie et moeurs.”

Comments are closed.