Koupe bwa pou vann ak boulanje ak dry cleaning yon pratik kriminèl kap mete fen ak pye bwa nan vil Pòdpè

957

Koupe pye bwa tout kalite pou vann nan boulanje ak dry cleaning, yon konpòtman kriminèl kap detwi kouvèti vejetal site Kapwa Lamò a,ak lòt zòn ki antoure’l yo.

12-16-2022

Pòdepè, Ayiti____(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan nan vil Pòdpè ak zòn ki antoure’l yo, tankou : Obè, Polen-Lakòn, Tifon, Nan Orèl, poun site sa yo sèlman, pratik iresponsab koupe pye bwa pou vann ak boulanje ak dry Cleaning, pa sispann fè pale anpil.

Pou anpil moun se yon konpòtman ekolojisid ou tèrisid ki riske mete anjeneral lavi andanje, disparisyon volay yo ak kouch atmosferik la, dezas ou katastròf natirèl an pèmanans.

Pou yon lòt group, faktè deklentche a se lamizè. Kote yo soulinye disparisyon pouvwa pou moun achte, kondisyon sosyo-politik ak gwo difikilte sitou lè pouf è fas ak chète kotidyen yo.

Koupe pye bwa vann boulanje ak dry Cleaning dwe kaba pandan Leta ap sèvi ak medya yo pou sansibilize abitan yo sou enpòtans plant yo genyen nan anviwonnman an. Responsab agrikol yo dwe antre nan yon demach promosyon ekolojik; mete sou pye edikasyon ou kanpay sansibilizasyon pou rebwaze mònn ak plènn yo, san bliye founi gwo jefò materyèl teknik ak mwayen mekanik ou modènn pou boulanje ak dry cleaning atravè tèritwà nasyonal la.

Comments are closed.