Manm biwo elektoral yo nan depatman Grandans lan, menase pou fèmen pòt biwo a nan Jeremi.

267
0
Share:
TRiboLAND

01 – 11- 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou reklame karant sèt mwa salè fòs kouraj travay yo, manm biwo elektoral yo nan douze komin depatman Grandans lan, menase fèmen pot biwo elektoral kominal Jeremi an, ki loje nan biwo elektoral depatmantal (BED) Grandans lan.

Pèsonèl kontraktyèl biwo elektoral kominal yo, pou douz komin pou depatman Grandans lan, anonse mezi pwotestasyon sa yo, se jis pou fè echèk ak desizyon nèf manm konsèy elektoral pwoviswa a pwan pou rekrite lòt nouvo pèsonel BEK san peye yo lajan karant sèt mwa travay yo.

Manm biwo elektoral yo, atravè yon nòt yo rann piblik, mande direktè depatmantal polis Grandans lan, Frantz Saint Armand, pou pa bay okenn polisye lòd vinn fè represyon sou yo. Yo vle raple ke yo travay e se sou konkou yo te jwenn djòb la. Konsa, afè kesyon pou ke siperyè dwèt long manje kouraj yo, pa genyen sa pyès!

Share:

Leave a reply