Ratman gaz : 3 jou manifestasyon nan vil Pòdpè

2,148

11/07/2021

Pòdpè_____(TRiboLANDApwè plizyè mwa nan achte gazolin sou mache enfòmèl la, asosiyasyon e sendikalis transpò an komen nan vil Pòdpè deside leve kanpe pandan 3 jou won kon djondjon.

3 jou pwotestasyon say o vize pou fòse mouche leta pran responsabilite l ak tout dezòd k ap fèt nan vil la sou pwi gaz la k ap monte balkon chak jou nan tout ti kwen w ap pase.

Yon lòt bò, vann gazolin nan lari a tèlman fasil e bay benefis pou kèk machan; anpil moun nan sosyete a achte pa bann e pa pakèt dwoum gaz pou estoke nan kay y ap viv pou lè ponp yo va deside ouvè ou byen fèmen yon fason pou mache nwa ka fèt pi byen kont moun ki nan sektè transpò a.

Jounen dimanch lan, pwi gaz la bay lawouli e li revòltan; pouw achte yon galon gazolin wap bezwen 1750 goud e gen moun ki rapòte bay TRiboLAND ke yo arive achte li 4,000 goud. Konsa, enstans konsène yo tankou mèri, delegasyon ak pakè pa janm pwononse yo sou anyen. Yo kwaze jiskaprezan ponyèt yo e fèmen je yo sou yon seri krim gwo eskanmòtè ponpis yo ap fè sou malere 2 bwà balanse; yon siyasyon pou anpil moun ki riske kreye yon eksplozyon sosyàl ak vyolans jeneralize.

Ou genyen kek ponp ki ouvè e fèmen lè yo vle, jan yo vle pandan gen yon kantite chofè ki pase tout jounen yo anba ponp yo nan veye lè ponp ap ouvè pafwà ki pèdi jounen travay yo. Sa ki lakòz tout lòt pwodi ap pase moute ak tout vitès nan mache, depo, bank epi paralize lekòl ki reprezante kle siksè nan sosyete a.

Louis Jameson

Comments are closed.