Estrikti Politik EDE, lanse 1e edisyon Konkou “EDE ZÒN PAM PI BÈL” nan Nòdwès.

1,060

Estrikti Politik EDE, branch Nòdwès peyi a, ki genyen nan tèt li, ansyen Minis Zafè Lòt Bò Dlo peyi Dayiti a, Dr Claude Joseph, lanse 1e edisyon Konkou “EDE ZÒN PAM PI BÈL”.

12/08/22

Pòdpè, Ayiti_(TRiboLAND) Nan lide pou kenbe divès Ri ak riyèl pwòp nan vil Pòdpè, estrikti Politik EDE branch nòdwès,lanse 1e edisyon konkou yo kap sòti 6 desanm pou al bout 15 desanm 2022 a.

Konsa, genyen 3 gran prim ki peze lou kou legba deja disponib ap tann zòn ki premyè a, dezyèm ak twazyèm. Zòn ki premye a, ap gen pou resevwa 75.000 g, dezyèm nan ap resevwa 50.000 g e 25.000 g.

Yon estaf solid ki genyen ladan’l manm jiri ki boure ak konpetans, deja mete yo disponib pou etidye frechè, pwòpte ak valè estitik koulè ki pral mete yon seri zòn an panpan; sitou nan moman grand final la ki pral dewoule nan dat 10 janvye 2023.

Nap raple, zòn kap patisipe yo pap bezwen sen kòb Lesko pou enskripsyon.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.