Elèv lekòl Sen Lwi Dinò manifeste epi denonse desizyon politisyen yo pran pou transfere direktris lekòl

2,621

01/26/2022

Sen Lwi Dinò_____(TRiboLAND) Divès aktè tankou: elèv, pwofesè ak paran nan lise Lamenè, komin Senlwi-Dinò, manifeste epi denonse desizyon gwo ponyèt politisyen sankoutcha komin sila ki deside transfere madam Felicienne Pierre Dolciné, direktris lekòl Nasyonal la ayè madi 25 janvye 2022 a.

Yon desizyon ki lage anpil fwoustrasyon bò kote pwofesè, elèv ak paran sipòtè kote yo mande politisyen tèt chat yo, kap konplote ak PM defakto a msye Ariel Henry, kanpe sou desizyon yo an. Yon direktris, dapwè deklarasyon divès pwofesè, ki genyen anpil vizyon ak detèminasyon pou ede vanse lekòl Nasyonal la.
Yon lòt bò, paran yo soulinye bon jan randman lekòl la kote chak ane y ap bay swa premye oubyen dezyèm loreya.

Pwofesè yo nan sans sa a, pa mete dlo nan bouch yo, pou denonse doktè Widlet Rotelot, ki li menm tounen chen cho devan bann nan pou mennen konplo pou revoke direktris Pierre Dolciné.

Antouka, elèv yo, paran yo ak pwofesè yo, mande ak gwoup moun sa yo, k ap manniganse konplo kont madam Felicienne Pierre Dolciné ak PM defakto a kanpe paske ti mari pap monte ti mari pap desann.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.