Mesaj Doktè Berly Généus sou zafè operasyon Pierre John Muller.

635
0
Share:
TRiboLAND

Dosye Pierre Jonh Muller / Pòs nimewo 20

BÒN NOUVÈL
________________

Mwen kontan anonse nou ke PJM opere e operasyon an reyisi.

Avan m ale pilwen, m ap souliye pou tout moun kipral li pòs sa a, ke « PA GEN OKENN ENSTITISYON NAN LETA A NI OKENN OTORITE NAN LETA A KI TE BAY YON GOUD LESKO POU OPERASYON AN »

M ap repete l, pagen pyès enstitisyon nan leta a, ni otorite nan leta a kite kontribye pou operasyon an fèt.

Tout sak fèt yo se avèk kotizasyon sitwayen ki te deside ede PJM. Nou te rive yon kote nou te oblije al repale avèk chirijyen ki t ap opere PJM nan pou rekonsidere pri a pou nou e nou te oblije chwazi yon lòt lopital pou li opere paske kòb nou te dispoze a patap pèmèt li opere nan premye lopital nou te vize a.

Pou rezon sa yo, nou koube nou byen ba pou n remèsye chak grenn moun, san distenksyon, ki te kontribye pou operasyon sa a reyisi menm moun kite di nou pa site non yo, nou remèsye yo.

Mwen remèsye tout moun ki te antame demach bò kote pa yo pou kolekte lajan : miss Vivi Ailive Institute, K-navao Valmond ki te angaje li nan demach pou sansibilize moun, ansyen delege Sony Dordoille, komite ki te òganize chanpyona sou pak kapwa pou te jwenn lajan pou kontribye : Makenson Metelus, Wawens Estilien, Wilstade Louidor, Rocky Boul, Coach Yope, Wawa, Mme Micheline Francois, Georges Gachelet ak Melchi Decius, moun sa yo te lanse bò kote payo, yon maraton ak moun yo konnen pou pote kole.

Mwen remèsye Dr Hyacinthe Michaël, nèg nòdwès, ki rive opere PJM nòmalman, yon operasyon ke anpil moun te panse kipat ka fèt an Ayiti. Nou bat bravo pou Dr Hyacinthe ki te gen avèk li Dr Santiague, Dr Decius kite akonpanye l, ak tout rès ekip kite patisipe nan operasyon an.

Nou remèsye chak moun kite pataje pòs yo, ki te kòmante pou sansibilize moun. Nou paka site non tout moun, mwen espere nou konprann sa.

Nou remèsye Dr Necles Thervil depi lè m fenk pran inisyativ la mwen menm avèl pale prèske chak jou pou n diskite sou ka a, gade kisa k posib ki ka fèt. Dr Féguy Saint-Phard, Me Jeanclaude Seide, Dr Frantz J. Guillaume, Alexandre Telfort Fils, Ekip sa sete yon veritab machin ki t ap monilize pou reyisit misyon sa a.

Nou remèsye tout medya ak tout jounalis ki te pran kòz la : Me Louis Alex François Don Diego (Radio Ibo), Feckymix Top antenne (Media Toutkote) Marc Johnsen Hazard, James Val, Enfandieu Pierre (EP NEWS), Myrlanta Majuste (Clean FM), Guy Wewe, Maten deba elt…

Nou remèsye 7 moun sa yo, pami tout moun ke nou konnen ki se potansyèl kandida nan depatman an, se yo menm sèlman kite konprann nesesite pou kontribye, pa pou fè kanpay men pou yon koz imanitè : Andalasse Mertilus, Erané Saint Louis, Osnel Clairilus, Guyto Saurel, Madame Wilmide JUSTIN, Trompé Deris, Avelt Fils-Aimé.

Nou remèsye 2 lekòl sa yo : Collège Notre-Dame de lourdes ak Collège les Saints Innocents ki non sèlman te kontribye ak lajan men ki bay pitit PJM bous nan lekòl « SAINTS INNOCENTS ».

Pou tout sa mwen pa di nan tèks la, n ap fè yon videyo pou nou pale sou yo, m ap tann ke PJM fè mye paske li poko ka pale.

Sa nou fè a, noupa fè l pou vante tèt nou, nou fè l kòm sitwayen responsab. Menm jan chak moun ki kontribye yo fè l.

Dr Berly GÉNÉUS

Share:

Leave a reply