Direksyon jeneral OAVCT nan Pòtoprens, nome yon nouvo direktè nan tèt OAVCT branch Nòdwès la.

376
0
Share:
TRiboLAND

Pwofesè Clavel Gélin, se non yon nouvo direktè kap lase bòt li, pou vin pran tèt biwo rejyonal OAVCT a nan Pòdpè.

08-10-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Aprè plis pase 8 mwa direksyon rejyonal OAVCT branch Nòdwès la fè ap fonksyone san direktè, finalman direksyon jeneral OAVCT nan Pòtoprens, deside mete nan plas sa a, yon nouvo direktè.

Pou kore desizyon an, direksyon jeneral OAVCT nan Pòtoprens, atravè yon korespondans yo adrese ak Rock Juvens Clavel, ki tap mennen biwo OAVCT a pou yon ti bout tan; fèl konnen, tout mezi deja pran pou enstale jodi jedi 10 dawou 2023 a, pwofesè Clavel Gélin, kòm nouvo direktè bwat la.

Korespondans lan ki ta sanble bay Rock Juvens Clavel bouch pa gou, anonse nan menm dat 10 dawou a, yon konferans ak laprès, prese, prese.

Share:

Leave a reply