Lapolis nan komisarya santral Tigwav pwosede ak arestasyon Tilis ensikoni pou enplikasyon nan boule yon klinik dantè.

1,040

12-08-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Lapolis nan komisarya santral Tigwav, mete anba kòd prezime asasen Tilis ensikoni, maten jedi 8 desanm 2022 a. Prezime kriminèl la, jwen arestasyon li nan abitasyon Alman, 6èm seksyon kominal Trou Kanari, Tigwav. Yo akize Tilis kòm moun ki ta boule yon klinik dantè pou Kazèk Coffy Joseph.

Prezime asasen Tilis ensikoni, mete dife nan klinik la paske li ta mande Kazèk la 2 mil goud. Konsa, otorite a ki pat genyen tchotcho sou li sou plas, te genyen gro difikilte pou te reponn doleyans Tilis la. Kidonk, enfo yo fè konnen ke Tilis pat pran tan nan menm sware a pou li te ensandye klinik la, daprè sa li ta rapòte.

Kazèk asesè Coffy Joseph, deklrare tout sa li te pwosede nan klinik la boule rapyetè tankou: materyèl lojistik, medikaman, ekipman, san konte dosye enpòtan.

Nan sans sa a, Chèf seksyon an, Coffy Joseph mande leta ayisyen pou dote seksyon kominal yo lapolis yon fason pou sekirize peyizan yo ki lage 2 bra balanse.

Nap fè remake, prezime asasen Tilis, pran prizon plizyè fwa pou move zafè, si nou ta vle kwè esplikasyon Kazèk Coffy Joseph sou ansyen divis la.

JOICY Arnold

Comments are closed.