Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Pòdpè a genyen yon nouvèl komisyon nan tèt li

268

02/15/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Pou estriktire fakilte dwa yo atravè peyi a, Rektè UEH la (Université d’ État d ‘Haïti), Msye Fritz Des hommes, te pwosede adistans, nan aprèmdi vandredi 12 fev. 2O21 an, enstalasyon Sibtiti Komisè gouvènman Pòdepè a, Me Virgile Michelet kòm direktè Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Pòdpè a, Me Estimond Joanel ak Madàm Kétia Pierre-Louis Toussaint respektivman vis-direktris.

Nouvèl komisyon sa a ki gen ladan l Me Michelet Virgile, Me Joanel Estimond ak Pwofesè Katia Pierre Louis Toussaint, ranplase ansyen komisyon an: Me Jean Mara Édouard ak Me Jonathan Calixte, aprè yo fin pase yon bon bout tan nan tèt enstitisyon sa a.

Direktè nouvo Konsèy la, Me Michelet Virgile, avan l te kòmanse diskou l la, te bese byen ba devan kadav potorik 2 jenn gason sa yo: Me Serge Régnier ansanm ak Me Thélus Henry Max. Selon Me Virgile, si Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Pòdpè a egziste toujou, se gras ak yo.

Aprèsa atravè diskou l, Me Virgile te gen kouraj felisite ansyen Konsèy la ki te gen nan tèt li Me Jean Mara Édouard li di ki te brave danje deplase Lekòl sa a sou Wout Grannsavann (Rte des Trois Rivières), ki t ap benyen nan labou pou l al loje l nan Lekòl Fatima (Rte Chalet) ki sou lobedyans Frè Enstitisyon Kretyèn yo. Bravo!

Direktè te adrese tou ak tout enstans ki fè pati enstitisyon saa tankou, anplwaye administrasyon an. Nouvo direktè a pwomèt pou akonpanye yo nan tach yo, nan misyon yo genyen ki se estriktire lekòl la.

Tout remak ak sijesyon anplwaye yo ap gen valè devan je nouvo Konsèy la ki la pou analize yo answit fè swivi, selon nouvo dwayen an, Me Virgile. Kanta pou etidyan memoran yo (sila kap prepare memwa yo), nouvèl komisyon ba yo garanti li pral degaje l kon mèt Janjak pou akonpanye yo nan travay soutnans memwa yo answit mete estrikti nan travay rechèch yo. Komisyon an ba yo asirans sa a pou di yo kèlke swa lè a, nan nenpòt zòn, etidyan yo pa bezwen pè abòde l.

Pou etidyan yo ki frekante Lekòl Dwa ak Syans Pòdpè a : komisyon egzòte yo pou yo montre yo toujou discipline paske chwal batay nouvèl komisyon saa se: disiplin ak ponktwalite.

Pou pwofesè yo, konsèy la fè yo konnen misyon yo, se anseye. San yo menm enstitisyon an pap kapab fè won dèpòt. Yon grenn bagay, yo dwe sonje akò yo siyen ak Rektora a.

Nouvo Rektè a, Me Michelet Virgile, fè tout moun ki te prezan nan enstalasyon l konnen l ap tann konsèy ak kritik yo pou pèmèt Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Pòdpè a vanse pou pi devan.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.