4 mouri pami 9 blese anba bal nan yon ba nan Kansas byen bonè Dimanch maten an

Kat moun krible anba bal byen bone Dimanch maten an anba bal yon mesye ki te ouvwi zam sou nèf moun nan yon ba nan Kansas City, dapwè sous ofisyèl yo.
Selon lapolis nan Kansas, kriminèl sove lale e yo poko konnen si pat genyen plis kriminèl ki envòlv nan zak malonèt sa ki tire 9 moun, pami yo genyen 4 mò.
Selon pòtpawòl polis la, Thomas Tomasic, konfime ke senk lòt viktim yo te twanspòte nan lopital lokal yo, e yo ta sanble ke yo nan yon kondisyon ki stab.
Selon yon twit depatman polis Kansas, li te vè 1:30 a.m., lè depatman polis la te resevwa plizyè kout fil sou fiziyad douvanjou a ki tap maniganse nan Tequila KC Ba, dapwè KSHB TV.






