Fidèl katolik komin Pòdpè selebre Sen patwòn yo, Imakile Konsepsyon

1,284

Se sou tèm “Nou vin chèche kore lavi nou nan Bondye”, fidèl katolik nan Dyosèz Pòdpè a, selebre Sen patwòn yo, Manman Imakile, jounen jedi 8 desanm 2022 a.

12-08-22

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan prezans plizyè otorite sivil, notab, polisyè kou jidisyè, fidèl katolik Dyosèz Pòdpè yo, selebre jounen jedi 8 desanm 2022 a, Sen patwòn yo kise Imakile de Mari.

Nan omeli sikonstans lan, Monsenyè Charles Peters Bathelus, fè konnen fason yo fete 8 desanm lan ane a, dwe entèpele chak grenn sitwayèn ak sitwayen nan vil la, yon mannyè pou gade nan ki kondisyon ak atmosfè yo rive selebre Sen patwòn yo ane a.

Yon lòt bò Monsenyè a, drese anviwon 4 pannkat, kote li mansyone kesyon lavi chè a, pwodui yo ki pa sispann monte balkon, grangou toupatou, san konte fenomèn ensekirite a, kote tout moun pè pran lari pou kidnapè pa fè ladènye sou yo.

Pou palye ak solisyon an, Charles Peters Bathelus fè apèl ak konsyans dirijan yo ki, dapwè li menm dwe lonje men yo bay malere ak malerèz yo.

 Fristre paske fèt Imakile pase sou silans otorite yo ane a, divès sitwayèn ak sitwayen nan Site Kapwa Lamò a, fè konnen, apre 17 mwa lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse, 8 desanm lan ane sa a, se pi move 8 desanm vil Pòdpè janm konnen.

Sèvis vwari Mèri a, pa fè siy prezans yo nan lari a, sa ki lakòz, ri yo chaje fatra, labou san konte vye dlo santi pasi pala.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.