3  lòt kriminel Gran Kola ayisyen tonbe anba lis sanksyon peyi Kanada a

1,600

12-05-2022

Otawa, Kanada____(TRiboLAND) Si tout rès monn lan ap swiv dewoulman Mondyal 2022 a nan peyi Katar, peyi Kanada kreye prop mondyalito pa li nan sanksyone ou bay katon wouj, tout kalite awousa , politichyen, òligat, kriminèl kòwonpi ki efondre peyi Dayiti nan tout kalite krim.

Jodi lendi 5 desanm 2022 a, peyi Kanada mete deyò yon lòt fwa ankò yon lòt lis mafya ou sansi piyajè òligat ayisyen ki kontribye nan destabilizasyon sistematik peyi Dayiti. Sansi tankou: Gilbert Bigio, Sherif Abdallah e Reynold Deeb, se yon kolònn annafè ki natif natal sektè prive ayisyen an, men ki pa menm pitit zantray peyi Dayiti.

Otorite kanadyènn yo ta reproche poulen sa yo pou enplikasyon yo nan kòripsyon ra gagann, lave lajan, dosye gang e latriye. Konsa, pral genyen gro dispozitif ki pral pran pou sezi byen tout malfektè sa yo nan peyi Kanada.

Comments are closed.